Ann reflechi peyi ! Refleksyon Fred LIZAIRE

Antreprenè, Chèf antrepriz, animatè radyo, aktè kiltirèl, Fred LIZAIRE santi trip li ap manje l kòm sitwayen pa rapò ak koub danjere peyi a ap pran. Redaksyon Vant Bèf Info gen plezi pataje ak lektè li yo refleksyon senp sitwayen Fred nan ribrik Opinyon. 
 » Tout lannwit mwen paka dòmi. 3 zè nan maten, 4 trè, 5 è. Se menm penpenp lan. 

Mwen jis paka dòmi.

Map panse ak peyi m.

M santi m mal mal mal.

Mwen santi m enpwisan.

M pa ka ede peyi m sòti nan sa li ye la a a !

M pa jwenn mo pou m di sinon m wè peyi m tonbe nan salte; peyi m ajenou, peyi m anbreye sou bak, peyi m pran nan 3 wa. Anfen, peyi m ap depafini.

M ap mande tèt mwen, èske m pa koupab tou lè m gade eta peyi m ?

Èske m deja fè tout sa m te dwe fè pou peyi m pat rive nan eta sa a? 

Èske m ka kontinye ap frape lestomak mwen pou m ap di ke m fyè m se Ayisyen?

Èske m pa ta sipoze jennen lè m vwayaje, etranje yan ap mande m : Kijan pwoblèm politik yo ye Ayiti ?

Mwen jennen lè yon ti peyi tankou « Barbade » ak « Bahamas » ap lead peyi m?

Mwen mande tèt mwen pouki tout jenn gason ak jenn fanm deside lage pou Chili ? 

Pouki tout jenn lage nan parès, nan domino. Bezig pa ba yo tan pou yo travay. 

Pouki jodi a pi bon metye yon jenn ayisyen ka chwazi se taksi moto?

Pouki yo pa vle redi travay, men yo vle se yo ki pou roule machinn nèf ?  

Ayisyen ann reveye n !

Tout ti peyi sou mòd al devan, nou deside kase tèt tounen. 

Ann reveye n!

Nou youn pa renmen lòt.

Slogan nou se: Depi nan ginen nèg pat vle wè nèg. 

M santi m mal lè m gade ki kantite richès nap gaspiye.

M santi m mal lè m wè kijan nap pèdi (padon) gaspiye yon tan ki pa ase.

M santi m mal lè map konstate ke 2 ayisyen ki pratike menm metye oubyen ki ap evolye nan menm sektè a, se tankou Iran/Irak. Caen/Abel. Chyen ak chat yo viv.

Sa fèm mal lèm reyalize ke sou moun ke nou te plis konte ki pou te mennen peyi n yon kote pa rive fè misyon sa a.

Konnye a m vle di: 

Peyi m ann pale !

Kilè pitit ou yo ap pase plis tan nan travay ?

Mwens tan nan domino ?

Kilè nap wè plis flè plante, 

mwens fatra anba je n ?

Kilè lajenès ap kenbe diyite yo epi pase mwens tan nan mande ?

Kilè dirijan ap pran moun pou kolabore e mwens tan nan pale keke !!!

Si w vle banm non zafè ki gade w. 

Mwen se Fred Lizaire mwen andose mesaj sa a.

Vandredi 23 jen 2017

Un commentaire